CAP-VACC-Anti-Covid

* Ankèt sila ap fèt nan kad politik nasyonal sante peyi a. Nou bezwen konnen kijan ou menm ki nan popilasyon an wè maladi Kowona viris la e kisaw panse de vaksen Otorite sante yo vle bay pou pwoteje popilasyon an kont maladi sila. Siw dakò patisipe nan ankèt sila, wap ka bay aviw di saw panse sou desizyon Leta a. Aviw empotan anpil pou nou, se pou tèt sa nap ankourajew reponn sinsèman.
* Répons ou yo, pa gen moun kap konnen si se ou ki bay yo. Se sèl moun kap fè rechèch sila kap gen aksè ak enfòmasyon ou bay yo.
* Lè rechèch sa a fini, nap pibliye rezilta yo pou ou menm ki patisipe ka konnen sa nou jwenn kom enfòmasyon.
* Siw bezwen plis enfòmasyon, ou mèt ékri nou nan adrès sila a: capcovidht@gmail.com ou byen ronaldjeanjacques@gmail.com
* Men non moun kap fè rechèch sila a: Ronald Jean-Jacques, Sikolog; Lukinson Jean, Sosyolog; Odonel Pierre-Louis, Filozof; Marc-Félix Civil, Medsen e Filozof.

Klike isit la pou nou patisipe nan ankèt: FÒMILÈ ANKÈT LA

One Comment

  1. Tres bonne enquete.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *